Valè nou yo

Nou kwè :

  1. Tout moun gen valè. Valè sa yo pa negosyab e yo egzije yon tretman ki koresponn avèk yo, ke moun nan se fanm ou gason, omoseksyèl ou eteroseksyèl, pòv ou rich, edike ou analfabèt, kretyen, vodouwizan oubyen nenpòt lòt relijyon, nwa, blan oswa nenpòt lòt ras ou gwoup etnik. Tout moun se moun; tout moun dwe trete ak diynite ak respè.
  2. Kolonizasyon, nan fason li penetre tout aspè eksperyans Ayisyen, se pi gwo sous twomatizm pou Ayisyen. Twomatizm se rezilta vyolans ki koze maladi ki enfekte tout aspè lavi kolonize a, kò, nanm ak lespri. Sa vle di, tout sa ki fè pati lavi yon moun afekte : fason l wè tèt li ; fason l wè Ayisyen parèy li; fason l relate ak lanati; fason l wè etranje ; fason l konprann plas li nan mond lan ; fason l striktire lavi l ; fason l leve pitit li. Anfèt, twomatizm kolonyal sa se denominatè tout Ayisyen alawonnbadè genyen ankomen.
  3. Gerizon twoma kolonyal sa yo pa sèlman posib, men  se pi gwo tach tout Ayisyen dwe pran an konsiderasyon, si jamè n ap janm kanpe kòm pèp, si jamè n ap janm anmezi pou nou kreye kominote ki stab, ekitab e pwodiktif. Gerizon egzije pou nou retounen nan fondasyon egzistans nou, pou nou deside ansanm sou ki baz nou vle kanpe oubyen kisa n ap chwazi kòm denominatè komen. SAC ap konstamman kreye mwayen pou ofri yon rejim fòmasyon ak akonpayman ak tout manb li yo, nan mezi sa posib, pou ba yo zouti ak sipò pou ede yo devlope antanke moun, sitou moun ki angaje nan travay gerizon dekolonyal sa a.
Retour en haut