Akèy

NOU SE SOSYETE AMILCAR CABRAL

NOU SE YON FANMI

« Nous savons également que sur le plan politique, notre propre réalité – si belle et si séduisante soit celle des autres – ne peut être transformée que par une connaissance détaillée de celle-ci, par nos propres efforts, par nos propres sacrifices. » — Cabral, « L’Arme de la théorie. »

Ayisyen ki renmen pèp li e ki dispoze pou ede l viv pi byen.

Oryantasyon prensipal

Sosyete Amílcar Cabral se yon branch anndan Enstiti Ayisyen ki gen baz li nan Atlanta, GA, nan peyi Etazini. SAC fè pati yon fanmi k ap grandi, ki gen ladan l Akademi Défilée Bazile, Atelye Sosyete Amílcar Cabral (ASAC) ak SantRova. Se yon fanmi k ap grandi, alò, detanzantan ka gen lòt branch ki ajoute.

SAC se yon asosyasyon volontè ki dezinye pou deplwaye e ogmante kapasite jenn ayisyen pou yo kapab anrichi e transfòsme kominote nou yo toupatou nan peyi a. SAC, tankou tout inisyativ Enstiti ayisyen, angaje tèt li nan yon travay gerizon dekolonyal ki bati sou de pilye stratejik : rekonsilyasyon ak restorasyon. De eleman oswa de bra sa yo, lè yo travay ansanm, ranfòse youn lòt. Ansanm, yo gen yon potansyèl enòm pou debarase nou de enpak kolonizasyon genyen sou kò, nanm ak lespri nou, ansanm ak kominote nou yo. Anpratik, nou gen yon trip misyon : fòmasyon, òganizasyon ak rezolisyon konfli. An teyori, se rekonsilyasyon, restorasyon ak gerizon n ap chèche efektye.

“Dezimanizasyon, ki se rezilta yon lòd enjis, pa lakòz dezespwa men lespwa, ki pouse nou pou nou travay san rete pou nou restore mounite ki pèdi a. Men lespwa pa vle di kwaze bra w tann. Tout fwa m ap kontinye lite, se lespwa ki pouse m ; e si m lite ak lespwa, alò mwen ka ret tann.” — Paolo Freire

Jeunes, demain nous appartient; assumons ce qu’on est !

This image has an empty alt attribute; its file name is DSC0778-1024x575.jpg

Manb fondatè S.A.C.

Objektif/Misyon:

Konfòmeman ak vizyon l pou chak Ayisyen vin yon sitwayen modèl k ap fè enpak pozitif pou bati kominote ki stab, ekitab e pwodiktif, SAC bay tèt li yon misyon pou l sèvi kominote kote li aktif yo nan: 1) fòmasyon, 2) òganizasyon ak 3) rezolisyon konfli. Sa pa vle di se sa sèlman ki bezwen fèt oubyen sa sifi pou atenn objektif nou. Non, eleman sa yo fè pati yon strateji ki pran an konsiderasyon vizyon nou, bezwen kominote nou yo, resous ak talan ki a dispozisyon nou ak ki kote nou kwè nou ka fè pi gwo enpak. SAC pa pretann ke se apwòch pa l la sèlman ki ka efikas. Okontrè, nan strateji sa, SAC rekonèt enpòtans kontribisyon lòt aktè anndan kominote yo pral pote, san konte lòt moun ki pral enspire de travay SAC yo tou, ki pral ranpli vid SAC pa kapab. SAC ka bay sèlman sa l genyen, sa l resevwa ak sa l ka pwodui.

Sa ki klè, se enposibilite pou nou separe tèt nou de kominote yo paske nou rekonèt ke pwoblèm ak bezwen kominote yo se pwoblèm ak bezwen pa nou yo ye. Misyon nou bay tèt nou an, se rezilta angajman nou pou nou sèvi kominote nou yo. Donk, sa ki distenge nou, se motivasyon nou pou nou kolabore pou n fè entelijans nou travay epi chèche solisyon pwoblèm yo ansanm ak dispozisyon nou pou nou sèvi kòm modèl, sitou pou jenerasyon k ap vini yo.

Komite egzekitif

Bedina ACHILE
Siméon ROMELUS (Vis- Kòdonatè)
Melchior CHOULOUTE (Sekretè-trezorye)
Retour en haut